top of page

KAY AYISYEN – CIUDAD MEXICO

Byenvini sou paj Kay Ayisyen – CDMX. (Vil Mexico)
Vil Meksiko (CDMX) se kapital peyi Meksik e youn nan vil ki gen plis opòtinite, men tou ki pi konplike pou moun ki fek rive.
Nan paj sa a, w ap jwenn enfòmasyon jeneral, pratik pou ede w adapte w pi byen ak lavi nan nan vil meksiko (CDMX).

​

​Imgrasyon CDMX (vil mexico)

Nan CDMX, gen plizyè biwo imigrasyon ki jere sitiyasyon moun etranje yo.
Pwosesis imigrasyon an ka diferan selon estati ou, vil kote ou te kòmanse pwosesis la, ak dokiman ou genyen.

Li enpòtan pou w toujou verifye enfòmasyon ou resevwa yo epi evite moun k ap pwomèt rezilta rapid oswa dokiman an kachèt.

​

COMAR CDMX (nan vil Meksiko)

COMAR (Komisyon Meksiken pou Èd Refijye) se enstitisyon ki resevwa demann azil ak pwoteksyon refijye.
Nan vil meksiko (CDMX), COMAR resevwa moun ki deja gen randevou oswa ki te kòmanse pwosesis yo nan lòt vil, Se pa tout moun ki ka kòmanse pwosesis COMAR dirèkteman nan CDMX.
Gen ka kote yo ka voye w tounen nan vil kote dosye a te louvri a.

Toujou mande enfòmasyon dirèkteman nan sous ofisyèl epi evite fwod.

​

Travay / Empleo – Nan vil meksiko (CDMX)

Vil Meksiko (CDMX) ofri anpil opòtinite travay, men konpetisyon an wo.
Travay yo depann de eksperyans, lang ou pale, ak dokiman ou genyen.

San pèmisyon travay, ou pa ka travay legalman, Gen travay enfòmèl, men yo pa bay pwoteksyon ni sekirite, Fè atansyon ak moun k ap mande lajan pou ba w travay.


Transpò  nan Vil Meksiko – CDMX

Nan Vil Meksiko (CDMX) gen youn nan pi gwo sistèm transpò piblik nan Meksik.
Ou ka deplase ak:
- Metro
- Metrobús
- Autobús
- Kombi ak microbús

Li rekòmande pou w itilize kat transpò ofisyèl la (Tarjeta de Movilidad Integrada) pou vwayaje pi fasil, Nan lè pik, transpò a ka trè chaje.
Toujou veye valiz ou ak telefòn ou.


Estil de vi – CDMX

Lavi nan CDMX ka chè selon zòn kote ou rete a.
Pri lwaye, transpò ak manje ka varye anpil.
Vil la gen anpil opòtinite edikasyon, sante ak aktivite kiltirèl.
Men li mande adaptasyon ak pasyans.
Li enpòtan pou:
- Chwazi kote pou w rete ak prekosyon
- Evite zòn danjere
- Rete enfòme ak kominote a

 

bottom of page