top of page

Adrès enpòtan nan tapachula

📍COMAR Tapachula 🧾

Sa yo fè: Kote pou fè demann azil ou.
Kisa pou pote: Dokiman pèsonèl, paspò ak yon imèl ki fonksyone epi nimewo telefòn ou se nimewo meksik li dwe ye
Ki lè pou ale: Rive bonè pou ka fè liy la

📍INM Tapachula (imigrasyon) 🛂

Sa yo fè: Fè pwosedi migratwa tankou lew fini ak pwosesis comar la sela pou ale fe rezidans ou siw gen rezilta pozitif comar.
Kisa pou pote: Fòm ou ranpli yo, ak rezilta comar ou dokiman pèsonèl, nimewo telefòn.
Ki lè pou ale: Pi bon lè se bonè nan maten pou evite tann twòp.

📍Lopital General Tapachula 🏥

Sa yo fè: Bay swen medikal ijans oswa konsiltasyon gratis.
Kisa pou pote: Nenpòt idantifikasyon epi eksplike sa ou genyen
Ki lè pou ale: Pou ijans, rive dirèk nan resepsyon ijans lan.

📍Kwa Wouj Tapachula 🧾

Sa yo fè: Bay sekou medikal ijans ak asistans imanitè.
Kisa pou pote: Nenpòt enfòmasyon sou maladi ou oswa aksidan an.
Kilè li pi bon ale: Nan ijans oswa lè ou bezwen swen rapid.

📍DIF Tapachula 

Sa yo fè: Bay sipò sosyal, pwoteksyon pou fanmi ak timoun, ak asistans imanitè.
Kisa pou pote: Dokiman pèsonèl si ou genyen yo.
Kilè li pi bon ale: Bonè nan jounen an paske yo resevwa anpil moun.

📍ACNUR  Tapachula

Sa yo fè: Yo bay asistans pou refijye, enfòmasyon, pwoteksyon ak sipò pou pwosesis imanitè yo.
Kisa pou pote: Nimewo telefòn ou, nenpòt papye ou genyen, ak enfòmasyon sou sitiyasyon w.
Kilè li pi bon ale: Rive bonè paske gen anpil moun kap chèche sèvis

bottom of page