Etap pou kòmanse yon demann azil nan COMAR
1️⃣ Ale nan biwo COMAR ki pi pre w
Ou dwe prezante pèsonèlman pou ouvri dosye a. Nan Tapachula, biwo a sitiye nan:
📍 Libramiento. Sur, Los Naranjos, Tapachula, 30798 Tapachula de Chiapas Carretera
2️⃣ Pote dokiman ou si ou genyen yo
-
Paspò
-
Kat idantite
-
Nimewo telefòn ki disponib pou apèl oswa mesaj whatsApp
-
Yon imèl ki disponid pou resevwa mesaj paske se la yap voye mesaj pou ou pou diw èske yo aksepte demand ou a pou ou ka kòmanse siyen nan siyen
-
Prèv danje ou te sibi (si ou genyen)
3️⃣ Ranpli fòm DEMANDA DE REFUGIO
Yo pral poze w kesyon sou rezon ou kite peyi w.
4️⃣ Ale nan randevou yo mande w yo
Ou bezwen prezante w nan entèvyou yo, renouvèl dokiman yo, elatriye.
5️⃣ Rete tann desizyon COMAR
Pwosesis la ka pran plizyè mwa. Yo pral ba ou yon Ficha de Trámite.