top of page

TRAVAY AK ANPLWA TIJUANA

Kijan pou travay legal Tijuana

Pou travay legal nan Meksik, ou bezwen eta legal ki pèmèt ou travay ladan l.

Sa yo ka enkli:

  • Permiso de trabajo (Pèmi travay)

  • Rezidans Tanpore oubyen Rezidans Pemanan (FM3 / FM2)  Visa travail (visa travay ki legal)

San pèmi travay, biznis legal yo pa ka  anboche ou.

 NB: Konsèy: Ale nan INM oswa COMAR pou mande enfòmasyon sou:

  • kouman pou jwenn pèmi travay

  • ki dokiman yo mande

  • kijan aplikasyon fonksyone pou moun k ap chèche travay

 

Dokiman ou bezwen pou travay legal

  • ID valid (paspò)

  • CURP (si wap viv avèk rezidans)

  • RFC  sa nou rel SAT la (pou peye taks)

  • NIMEWO sosyal IMSS ki se Seguro Social (pou asirans sante)

( San dokiman sa yo, biznis legal pa gen dwa anboche ou ofisyèlman.)

 

Ki dwa ou genyen kòm travayè

Lè w ap travay legalman nan Tijuana / Meksik:

  • Salè minimòm

Ou gen dwa resevwa salè legal dapre lwa travay mexiken.

 

  • Asirans sante

Lè w nan IMSS, ou gen aksè:

  • Lopital

  • Doktè

  • Medikaman

  • Reabilitasyon

 

  • Sèkirite travay
    Pa gen diskriminasyon sou ras, orijin, oswa sitiyasyon imigrasyon legal
    Ou gen dwa pou mande kontra travay
    Konje, vakans, benefis sosyal

 

  • Salè minimòm

Nan Baja California ak zòn endistriyèl yo:

Salè minimòm pou travay fòs ka nan ranje $200–$280 Mxn pa jou (varye selon pozisyon)

 

  • Benefis

Lè wap travay legal:

  • Asirans sosyal (IMSS)

  • Kontribisyon pansyon

  • Vakans peye

  • Konje medikal

 

Zòn Endistriyèl Tijuana – Kote ki gen anpil travay

Gen plizyè zòn endistriyèl ki gen anpil opòtinite pou travayè legal:

Zona Rio

  • Sèvis, magazen, lojistik

  • Restoran, komès

Otèl Zona (Otèl ak Touris)

  • Sèvis kliyan

  • Sekirite

  • Netwayaj

Zòn Endistriyèl Otay/Mesa

  • Elektwonik

  • Pwodiksyon

  • Asanblaj

 

Gwoup Konpayi ki souvan anboche

Fabrikasyon / Endistri

Sony

  • Elektronik, teknoloji

  • Rekritman: travay endistriyèl ak depo

Samsung

  • Pwodiksyon elektwonik

  • Opòtinite pou travayè avèk eksperyans mekanik oswa teknik

Foxconn

  • Elektwonik, asanble machin

  • Mache travay endistriyèl ak fòs travay

Vektron / Jabil

  • Endistri elektwonik

  • Travay nan liy pwodiksyon

Plastic Omnium

  • Endistri otomobil

  • Travay faktori

 

Travay nan sèvis / restoran / komès

Anpil boutik, restoran, kafe ak otèl nan Tijuana ka anboche:

  • Sèvis kliyan

  • Kesye/Sou chef

  • Netwayaj

  • Sekirite

  • Livrezon

 

Egzanp kèk biznis:

  • Chili’s Tijuana

  • Outback Steakhouse

  • McDonald’s

  • Starbucks (manadjè ak ekip)

 

Kijan pou jwenn travay pi vit

Kreyasyon CV pwofesyonèl

Sa ki dwe gen ladan n:

  • Non

  • Kontak

  • Eksperyans travay

  • Edikasyon

  • Kapasite lang (Kreyòl, Panyòl, Anglè)

  • Foto pwofesyonèl (si posib)

​

bottom of page