top of page

Kòman pou anrejistre yon biznis legal nan Meksik – Etap pa etap

Pou w kapab opere yon biznis legalman nan Meksik, gen plizyè etap ofisyèl pou swiv. Pwosesis la depann de si biznis ou a pèsonèl oswa konpayi. Men etap prensipal yo:

1. Chwazi kalite biznis ou

Nan Meksik, gen 2 kategori prensipal:

✔ "Persona Física con Actividad Empresarial"

Sa vle di OU menm se pwopriyetè biznis la. Li pi fasil, pi vit, pi bon mache.

✔ "Persona Moral" (Konpayi)

Pou gwo pwojè oswa biznis ak plizyè patnè. Mande plis dokiman ak yon notè.

2. Enskripsyon nan SAT – Jwenn RFC w

RFC se nimewo taks ou. Ou pa ka fè okenn biznis san li.

Pou jwenn RFC, a ou bezwen:

  • Paspò

  • Tarjeta migratoria oswa rezidans

  • Pwof adrès

  • Yon randevou nan SAT

Apre SAT valide dosye ou, yo ba w RFC ak fòmilè obligasyon taks ou yo.

3. Jwenn pèmi minisipal (Uso de Suelo)

Si w ap louvri yon aktivite fizik (boutik, restoran, salón, depo…), ou bezwen:

  • Pèmi “uso de suelo” paske se nan yon lokal fizik lap ye

  • Pèmi fonksyònman

Sa fèt nan Ayuntamiento / Municipio kote biznis ou pral fonksyone.

4. Registre biznis ou si w ap anplwaye moun

Si ou pral anboche travayè, lalwa mande pou:

  • Enskri nan IMSS

  • Peye kontribisyon sosyal

  • Kenbe dosye travayè yo

5. Peman Taks (depann de kalite biznis la)

Taks yo gen rapò ak:

  • Sat (ISR / IVA)

  • Eta oswa minisipal

  • Sèvis lokal

6. Pran an konsiderasyon lwa lokal yo

Pou kèk biznis, yo mande plis pèmi:

  • Biznis manje → COFEPRIS

  • Barber shop / salon → règleman ijyèn

  • Restoran / bar → pèmi alkòl

  • Boutik → pwoteksyon sivil

Si w respekte tout sa yo, biznis ou legal, sekirize, epi pwoteje.

Men siw pa gen oken nan dokiman sa yo li fasil ak nenpot moman Otorite ka vini femen biznis epi menm few peye gwo amand.

bottom of page