top of page

Viza Travay

  1. Visa de residencia temporal por oferta de empleo (sa nou rele viza travay la

    • Pou moun ki pral viv nan Meksik plis tan (anjeneral 1 ane renouvlab).

    • Apre ou antre ak viza a, ou pran kat rezidan tanporè ak dwa travay

Pou pifò Ayisyen k ap chèche travay regilye, se “residencia temporal por oferta de empleo” ki pi enpòtan.

2. Ki kote pwosesis la kòmanse?

Se pa ou menm ki kòmanse pwosesis viza travay la.
Se konpayi / patwon Meksiken an ki dwe komanse pou li fe sa lap bezwen:

  1. Enskri devan Instituto Nacional de Migración (nan imigrasyon) kòm empleador lè li fin fè sa 
    (yo resevwa yon papye ki rele Constancia de inscripción de empleador) sa vledi yo bal yon lisans pou sa men se pa tout konpayi ki jwenn dokiman sa fòk li legal nan tout sans epi toujou byen peye enpo li isit

  2. Apre sa, konpayi an fè yon demann bay INM (imigrasyon) pou ba ou viza travay, ki rele
    oferta de empleo. Si imigrasyon aksepte, yo bay yon papye ak yon
    Número Único de Trámite (NUT).

Avèk NUT sa a, ou menm ou kapab pran randevou nan konsila Meksik la pou mande viza a. 👉Klike la pou ka we sit randevou a

3. Sa gouvènman an mande bò kote konpayi an

Pou konpayi an ka anrejistre kòm empleador devan imigrasyon, yo mande plizyè papye tankou:

a) Si se yon konpayi (sociedad)

  • Acta constitutiva (dokiman ki kreye konpayi an)

  • RFC (enskripsyon taks)

  • Kat idantite reprezantan legal la (kat mèt konpayi a )

  • Dènye deklarasyon taks

  • Prèv kote konpayi an ye (fakti limyè, lwaye elatriye)

  • Lis travayè ki deja anplwaye yo ak nasyonalite yo

b) Si se yon moun kòm patwon (persona física)

  • Kat idantite ofisyèl li

  • RFC

  • Dènye deklarasyon taks

Apre sa, lè yo mande visa travay la pou ou, yo voye bay Imigrasyon:

  • Fòmilè ofisyèl “oferta de empleo” a

  • Non ou, nasyonalite, nimewo paspò

  • Deskripsyon travay la, salè, adrès kote w ap vin travay la

Lè Imigrasyon apwouve, yo voye ofisyalman yon dokiman ak NUT la bay konpayi an.

4. Sa yo mande bò kote travayè a (ou menm)

Lè ou resevwa enfòmasyon sou NUT la nan men konpayi an:

  1. Ou pran randevou sou sit ofisyèl randevou yo: 👉 Klike la pou ka we sit randevou a pa bliye randevou a pasil ou dwe toujou ap veye sou sit la pou ka jwenn epi papye otorizasyon imigransyon bay la (NUT) valide pou 6 mwa nan espas tan sa ou dwe gentan gen randevou a

  2. Jou randevou a nan konsila Meksik la, ou pote:

    • Fòmilè solicitud de visa ranpli wap 👉 klike la pou we fòmilè a

    • Paspò ki valab omwen 6 mwa

    • 1 foto koulè, 3.5 x 4.5 cm, figi dwat, san linèt, fon blan

    • Dokiman ki montre ou nan peyi kote konsila a ye a legalman
      (pa egzanp kat rezidans, viza, kat refijye, elatriye) sa vledi ou mèt brezil, chili, st domingue yo ka aplike pou ou sèlman fok ou legal nan peyi kote ou a siw pa ayiti

    • Kopi ofisyal INM nan ak NUT la (konpayi an dwe voye l ba ou)

Konsil la ka mande tou:

  • CV ou, diplòm, prèv eksperyans si travay la mande sa.
    (Sa depann de chak konsila.)

Si yo apwouve ou, yo mete viza a nan paspò ou. Pou residencia temporal por oferta de empleo, viza sa a valab 180 jou pou 1 antre. Lè ou antre nan Meksik, ou gen 30 jou pou ale nan imigrasyon pou chanje viza a an kat rezidans tanporè.

​​​

​Tout enfòmasyon ou li isit la sòti nan sous serye ak sit ofisyèl yo. Nou mete yo ajou regilyèman pou ede w pran bon desizyon.

bottom of page