top of page

Reyinikasyon fanmi

Ki moun ki ka mande reyinikasyon fanmi (kise antre moun sou rezidans ou ?

  • Ou ka Mari oswa madanm ou

  • Timoun minè sa vle di depi piti ou a gen plis 18 lane ou pap ka rantre li sou rezidans ou  

  • Ou ka rantre Paran kise Manman ou ak Papa ou 

Kondisyon jeneral yo: 

  • Prèv relasyon fanmi (kise Ekstrè achiv moun wap antre a sise pitit ou wap bezwen Ekstrè achiv ak nesans  pitit ou a Sise Madanm oswa mari wap bezwen Ekstrè achiv ak maryaj la men sise Manman oswa Papa ou wap selman bezwen Ekstrè achiv paw la 

  • Paspò valab kise yon paspo ki gen pliske 6 mwa souli 

  • Gen vil yo ka mande ou yon let travay pou moun ke ou kapab ede moun yo ekonomikman le yo vini isit men sepa nan tout vil meksik li konsa

  • Fòm OFICIAL DI REUNIFICACIÓN FAMILIAR

  • NB.-  Tout Dokiman mwen sot di yo la kise Ekstrè achiv ak nesans ekstrè achiv ak maryaj yo dwe legalize Ayiti avan ke ou itilize yo isit Meksik men non kote ou dwe legalize dokiman sa yo Ayiti 
    👉Ministè afè etranjè 
    👉Ministè lajistis 
    👉Pakè Pòtoprens 
    👉Anbasad Meksik ki Ayisyen nan adrès sa

  • Rue Metellus No. 48 Pétion ville, HT6140Puerto Príncipe, Haití

  • men pou ale nan  anbasad la wap bezwen yon randevou an klike sou lyen sa👉 https://citas.sre.gob.mx/  pou ka pran randevou a.

​Tout enfòmasyon ou li isit la sòti nan sous serye ak sit ofisyèl yo. Nou mete yo ajou regilyèman pou ede w pran bon desizyon.

bottom of page