Kesyon yo poze souvan
1. Mwen fenk rive nan Meksik, premye bagay mwen dwe fè se kisa?
Premye bagay ou dwe fè se ale nan COMAR pou mande pwoteksyon entènasyonal (azil). Pa deplase twòp nan vil la san papye legal.
2. Ki diferans ant COMAR ak INM (imigrasyon )?
-
COMAR → kote ou mande azil / pwoteksyon.
-
INM → migrasyon ki kontwole antre-soti moun ak dokiman legal yo.
Yo pa fè menm travay.
3. Eske mwen ka deplase soti nan eta kote mwen fè demann COMAR la?
Non. Ou pa dwe kite eta kote ou fè demann azil la san pèmisyon ofisyèl.
Si ou deplase, yo ka fèmen dosye w la.
4. Konbyen tan pwosesis COMAR la dire?
Pou anpil moun, pwosesis la dire 45–90 jou, da pre lwa Comar la men li ka pi pliske 6 mwa.
5. Ki papye mwen resevwa apre mwen fè demann azil la?
Ou resevwa:
✔️ Prèv Demand Azil (Constancia) sa nou pwotokol la
✔️ CURP tanporè
6. Èske mwen bezwen yon avoka pou pwosesis COMAR la?
Non. Pwosesis la gratis e ou pa bezwen peye avoka.
Si ou vle asistans legal, gen òganizasyon ki ede gratis.
7. Kisa mwen dwe pote COMAR pou premye fwa ?
-
Yon dokiman idantite (si ou genyen)
-
Paspo (si ou genyen)
-
Nimewo telefòn ki mache
-
Adrès kote ou kapab resevwa mesaj akoz COMAR ap kontakte w pa telefon oswa imel ou
-
8. Kisa ki ka rive si mwen pèdi nimewo telefòn mwen?
-
Ou dwe ale rapid nan COMAR pou mete yon nouvo nimewo nan sistèm yo a.
Si yo pa ka kontakte w, dosye w la kapab rete bloké. -
9. Èske mwen ka travay pandan mwen nan pwosesis la?
-
Wi. Apre 45 jou, ou ka ale nan INM pou mande yon pèmi travay.
Ou bezwen Prèv Demand Azil + foto + kèk dokiman senp. men gen restriksyon -
10. Èske mwen ka vwayaje nan lòt vil oswa lòt eta pandan pwosesis la?
-
Non. Ou dwe rete nan eta kote ou ouvri pwosesis la.
Si ou bezwen deplase pou yon rezon serye (maladi, fanmi), ou dwe mande otorizasyon ofisyèl. -
11. Eske mwen dwe peye pou gen papye?
-
Pa janm peye pèsonn!
Tout pwosesis COMAR ak INM ofisyèl yo gratis. -
12. Ki sa mwen dwe evite pou mwen pa mete pwosesis mwen an danje?
-
Evite:
✖️ Fè deklarasyon fo
✖️ Itilize papye ki fo
✖️ Kite eta kote pwosesis la ye
✖️ Rate randevou siyen COMAR yo
✖️ Chanje nimewo telefòn san enfòme yo -
13. E si yo rejte demann azil mwen an?
-
Ou gen dwa fè rekou epi mande COMAR re-evalue ka w la.
Ou ka chèche asistans nan òganizasyon legal ki gratis.