ETAP POU KOMANSE YON DEMANN AZIL NAN COMAR
1- Ale nan biwo COMAR ki pi pre w
Ou dwe prezante pèsonèlman pou ouvri dosye a.
Nan Tapachula, biwo a sitiye nan:
📍 Libramiento. Sur, Los Naranjos, Tapachula, 30798 Tapachula de Chiapas Carretera
2- Pote dokiman ou si ou genyen yo :
-
Paspò
-
Kat idantite
-
Nimewo telefòn ki disponib pou apèl oswa mesaj whatsApp
-
Yon imèl ki disponid pou resevwa mesaj paske se la yap voye mesaj pou ou pou diw èske yo aksepte demand ou a pou ou ka kòmanse siyen
-
Prèv danje ou te sibi (si ou genyen)
3- Ranpli fòm DEMANDA DE REFUGIO
Yo pral poze w kesyon sou rezon ou kite peyi w.
4- Ale nan randevou yo mande w yo
Ou bezwen prezante w nan entèvyou yo, renouvle dokiman yo, elatriye.
5- Rete tann desizyon COMAR
Pwosesis la ka pran plizyè mwa. Yo pral ba ou yon Ficha de Trámite.

Se nan biwo sa yo pou legalize dokiman ou yo ayiti
Imaj Sa montre koman pou komanse pwosesis Comar la epi rive antre fanmi ou
